Resepsyon Wot-pote pou PLP nan Konferans Entènasyonal an Ayiti.

Pòtoprens Ayiti, 20 Desanm 2008

Nan kad yon Konferans Entènasyonal nan Inivèsite leta Ayiti a, yon piblik ki te rasanble 150 moun te aplodi ak anpil chalè yon konferansye PLP lè li te deklare, "Revolisyon Ayisyen anti-esklavajis nan 19èm syèk la, kont kononyalis franse a, te aprann lemond kouman pou I fè fas-kare ak lènmi l yo. An Ayiti jodi a mwen wè yon katafal entelijans ak monn ki gen anpil jèvrin ak volonte pou rekonstwi sosyete, men yo nan chomeko, san ankenn opòtinite pou yo jwenn travay."

PLPè a te kontinye pou I di travayè ak jèn jodia dwe aprann de reyalizasyon ak erè ansyen mouvman kominis lan, epi rekonstwi li entènasyonalman. Li te di tou baz mouvman an dwe yon klas ouvriye entènasyonal ak yon pati kominis inifye ki gen objektif pou li detwi, pa refòme, yon systèm kapitalis pouri. Odyans lan te resevwa ak kè kontan mesaj sa a, jounal CHALLENGE/DESAFIO a ak lòt dokiman PL.

Pwofesè yo ak etidyan yo te organize konferans lan pou yo te egzaminen poukisa Inivèsite Leta Ayiti a pat reyalize yon degout nan twa prensip ki te sipoze sèvi kòm baz pou te refome l. Trant jou ki te bay pou te devlope plan sa a te tounen 11 lane. Pa egzanp, prensip pou tabli "rechèch adapte ak bezwen popilasyon an" pa gen ankenn bidjè.

Men an reyalite se yon ilizyon pou n ta kwè edikasyon anba kapitalism ka sèvi mas yo, sitou nan yon peyi tankou Ayiti ke enperyalism lan ravaje e kote leta a apèn ap fonksyone. Karant pousan timoun nan peyi a pa janm al lekòl. Majorite jèn ki fini ak etid segondè yo paka ale nan inivèsite paske manke plas. Majorite inivèsitè ki gradye yo paka jwenn travay.

Majorite Ayisyen pa gen ni travay, ni dlo patab ni manje an kantite akseptab. Enfrastrikti yo – wout, elektrisite, twou rego – dekonstonbre. Plizyè faktori etranje posede fèmen pòt yo. Agrikilti lokal la ap pran pataswèl nan men agwobiznis mondyal la, epi yon katafal moun kite zòn riral yo pou yo tabli nan Pòtoprens ak nan peyi vwazen an, Repiblik Dominikèn, pou yo ka chache travay.

Depi apre koudeta 2004 la – kote Etazini, Frans ak Kanada te kapote Prezidan Aristide - yon fòs militè LONI, sou direksyon lame Brezil, okipe Ayiti. Obama, ki te fè yon deklarasyon an Septanm apre siklòn ki te ravaje Ayiti a, pa t di anyen sou koudeta a, ni sou politik imigrasyon rasis kont refijye Ayisyen yo. Politik sa a ale an kontradiksyon ak tretman favorab refyije Kiben yo resevwa. Pat gen anpil moun nan konferans lan ki te fè tèt yo ankenn ilizyon parapò ak Obama.

Pwofesè ak etidyan Ayisyen yo dwe eseye konstwi yon alyans ak travayè lavil ak riral nan peyi a. Pandan leve-kanpe mas yo nan Prentan pase a, kote yon katafal moun te rebele kont pri manje ki t ap monte disèt wotè, etidyan yo te pote-kole ak pwotestatè ki te soti nan bidonvil yo pou yo te eseye dechouke Palè nasyonal la. Sa se wout ki dwe pran an.

Meyè leson nou dwe aprann de batay sa a se nesesite pou rekonstwi you mouvman kominis revolisyonè isit la pou pote-kole ak travaye ak jèn atravè lemond. Plizyè moun nan konferans lan te konprann – sitou pandan peryòd kriz finans lan – kapitalism lan pa ka refòme pou sèvi travayè ak jèn yo. Li rete pou PLPè yo kontinye ranfòse kontak ak nouvo zanmi nou fè isit la, pou aprann de yo epi an menn tan founi yo vizyon politik wouj nou an kòm you chimen pou kite lanfè kote kapitalis la makònen nou tout.